
Ayiti Kanpe Min
Ayiti Kanpe Min se yon rezilta preske dis (10) ane kolaboratsyon ant Global Justice Clinic baze nan Fakilte Dwa nan NYU (GJC) epi Kolektif Jistis Min (KJM)— ki se yon kowalisyon òganizasyon sosyete sivil ayisyen an ak aktivis kominotè. KJM ak GJC te travay pou bay kominote ayisyen yo enfòmasyon sou endistri minye a, sou dwa yo genyen, obligasyon konpayi minye yo epi sour is esplwatasyon min genyen pou kominote ayisyen yo.
Jiskaprezan, pifò diskisyon ki fèt sou kesyon min te fèt dèyè kat miray. Objektif sit entènèt sa se pou rann enfòmasyon yo pi aksesib epi prezante rezistans kominote yo fè an Ayiti jiskaprezan.
Our environment is already the most vulnerable in Latin America, and we suffer from earthquakes, hurricanes and floods every year...Mineral exploitation is a potential disaster – it threatens our health, our water, our land, and the rest of the environment.”
– Open Letter from Haitian Organizations in Morne Pele
Eksplwatasyon Min an Ayiti
Pou kounya pa genyen okenn eksplwatasyon min metalik ki aktif an Ayiti, men kèk tan aprè tranblemantè a nan lane 2010, gouvènman an te idantifye sektè minye a kòm yon sektè kle pou kwasans ekonomik peyi a. Soti nan lane 2006 pou rive 2013, enfòmasyon yo fè konnen genyen (2) konpayi Kanadyèn ak de (2) konpayi Amerikèn ki ta envesti $30 milyon dola pou fè eksplorasyon pou chèche lò, kwiv ak lòt metal. Depi lane 2013, aktivite minyè yo kanpe. Pami rezòn pa gen aktivite min se opozisyon politik ak kominote, epitou konpayi yo ap tann pwojè lwa minyè a pase avan yo komanse aktivite yo. Malgre aktivite min sou pòz, otorite Ayisyen ansanm ak aktè entènasyonal mete li klè aktivite min se yon sektè priyorite pou yo.
Dwa Moun
Eksplwatasyon min reprezante gwo risk pou dwa pèp ayisyen an. Aktivite min konpayi deja reyalize fè vyolasyon dwa moun. Tout aktivite minyè an Ayiti pral pase nan yon kontèks kote dwa moun yo deja ap vyole toupatou, patikilyèman dwa ekonomik ak sosyal yo ki vyole epi inyorans sou dwa yo genyen pou jwenn enfòmasyon ak patisipasyon sou plan politik.
Risk Anvironmantal
Ayiti se peyi san dout nan emisfè a ki pi degrade sou plan anviwonnmantal. Plizyè syèk eksplwatasyon, dèt ak enkapasite peyi a pou li prepare epi reponn lè genyen katastwòf natirèl fè Ayiti patikilyèman vilnerab fas ak dega anviwonnmantal yo. Aktivite min metal se yon nan aktivite endistryèl ki fè pi plis dega a anviwònman. Pa egzanp, nan peyi Ozetazini, menmsi govènman veye aktivite min, aktivite min metal bay pi plis materyèl toksik pase nenpòt ki lòt endistri.
Korispsyon ak Risk sou plan Gouvènans
Koripsyon se yon pwoblèm grav an Ayiti, epi li te pwovoke gwo manifestasyon nan senk (5) dènye ane ki sot pase yo. Nan klasman Transparency International la, Ayiti okipe dezyèm plas peyi ki pi kowonpi nan Amerik la. Eka richès ki genyen ant moun ki rich ak moun ki pòv an ayiti gwo anpil, epi majorite moun ki pòv yo ap batay pou mande gouvènman an pou rann kont. Endistri ekstraktivis yo se pami endistri ki pi plis mache ak koripsyon.
Kwayans ki genyen sou Avantaj Ekonimik yo
The experiences of poor but resource-rich countries around the world provide a stark reminder that translating natural resources into public wealth is a very risky business — one that often fails. Given the unique vulnerabilities Haiti faces, mining could deal the country’s environment and economy a blow from which it would never recover.
Community Opposition
Over the past several years, organizations in the communities under permit for mining in Haiti and allied civil society organizations–including groups fighting for labor rights, environmental rights, the rights of peasants, and women’s rights–have coalesced around the demand NO MINING IN HAITI. Dlo gen plis valè pase lò – water is more valuable than gold – and Wi ak lavi, non ak eksplwatasyon min – yes to life, no to mining – are popular refrains.
Peyizan pa kapab viv san tè, ni dlo ,ni semans, epi nou konnen depi konpayi minyè yo konstwi enfrastrikti minyè a, dlo ak tè nou yo menase.
Yon deskripsyon tou kout sou Kontèks la an Ayiti
Gwo pwoblèm politik, sosyal, ekonomik ak anviwonnmantal Ayiti ap fè fas, mete sou plis pase de (2) syèk rasis ak entèvansyon etranje. Ayiti pran endepandans li nan lane 1804, se sèl peyi nan mond lan ki pran endepandans li apati yon revolisyon kote se moun ki te nan esklavaj ki reyalize li. Pandan plizyè dizèn ane aprè endepandans li, peyi a te sibi yon pinisyon diplomatik ak ekonomik anba men Etazini ak peyi Ewop yo pou odas li te genyen pou li rejte esklavaj epi yo te pè pou sa pa enspire lòt esklav revòlte.
Pandan 21yèm syèk la, Ayiti te sibi plizyè entèvansyon etranje menm jan ki koze dega epi tou li te konnen katastwòf natirèl epi katastwòf lèzòm pwovoke. Nan lane 2018, pèp ayisyen an te leve an mas jan sa pa t konn fèt avan, pou manifeste pou egzije pou genyen kont ki rann sou koripsyon gouvènman yo fè ak vyolans gang yo, pou respè dwa moun epi pou satisfè bezwen fondamantal yo. Nan kòmansman lane 2021, genyen yon kowalisyon òganizasyon ki nan sosyete sivil la ak pati politik ki pran inisyativ pou kreye ‘Komisyon pou yon solisyon ayisyen nan kriz la’ ("Komisyon"). Komisyon sa kontinye ap chèche yon solisyon tèt ansanm epi pwopoze yon gid pou moun swiv aprè asasina prezidan Jovenel Moïse pou mennen peyi a. An reyalite, Ayiti twouve li jounen jodia nan yon kafou; twoub politik, vyolans ak kidnapin k ap fèt, yo kapab kontribye nan absans mouvman ki genyen rapò ak esplwatasyon minyè nan peyi a.
Newmont, mete li nan Kontèks li
Newmont se pi gwo konpayi k ap eksplwate min lò nan mond lan epi li se sèl gwo konpayi minyè ki genyen pèmi an Ayiti. Prezans li lejitime pèsepsyon moun genyen sou potansyèl minye peyi a genyen. Soti 2009 pou rive 2013, Newmont te reyalize aktivite ki gen rapò ak pèmi eksplorasyon li genyen an Ayiti.
Newmont pa sèl konpayi minyè ki genyen pèmi an Ayiti. Depi lane 2006, genyen konpayi minyè ki soti Kanada, Etazini ak Ostrali li genyen pèmi pou lò ak lòt minrè an Ayiti. Enfòmasyon ki rann piblik fè konnen genyen de (2) konpayi amerikèn an plis Newmont ki genye pèmi an Ayiti: ki se Resources Générale Corporation (ki te rele avan “VCS Mining”) ak SONO Global Holdings, Inc. genyen pou pi piti de (2) konpayi ayisyèn ki genyen pèmi: se General Trading (CGT) ak Société Minière du Nord-Est (SOMINE). Konpayi Kanadyèn ki rele EMX Royalty Corp (ki te rele avan sa“Eurasian Minerals”; EMX) mete fen nan kolaborasyon li genyen ak Newmont, menm si li toujou yon ti pousantaj revni fiti ki jenere.
Pou rete Enfòme
Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit, sed do eiusmod tempor incididunt ut labore et dolore magna aliqua. Ut enim ad minim veniam, quis nostrud exercitation ullamco laboris nisi ut aliquip ex ea commodo consequat. Duis aute irure dolor in reprehenderit in voluptate velit esse cillum dolore eu fugiat nulla pariatur. Excepteur sint occaecat cupidatat non proident, sunt in culpa qui officia deserunt mollit anim id est laborum.