Dlo

Dwa pou jwenn dlo

Dwa pou jwenn dlo se youn nan dwa fondamantal moun genyen ki fè pati dwa pou moun genyen yon nivo lavi ki korèk epi dwa pou moun jwi pi bon kondisyon sante fizik ak mantal posib, nan respè atik 11 ak 12 Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl epi nan respè atik 11 Pwotokòl Adisyonèl sou Konvansyon Ameriken sou Dwa moun ki Pale sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl (Pwotokòl San Salvador). U.N. Water (òganis Nasyonzini ki travay sou tematik dlo) deklare “dwa pou jwenn dlo vle di se pou tout moun gen aksè pou jwenn ase dlo, ki sen, aseptab epi nan yon pri moun kapab peye, swa pou yo sèvi pèsonèlman oswa lakay yo.”

Tout Ayisyen gen dwa pou jwenn dlo, sa ki egzije Gouvènman ayisyen an pou li garanti pèp ayisyen an genyen ase kantite dlo ki pwòp epi abòdab ki tou prè lakay yo. Konpayi minyè yo dwe respekte dwa sa. Pou jis rive ane 2020, se sèlman 67 pousan nan tout kay an Ayiti ki te genyen aksè pou jwenn dlo ki potab, chif sa mwens pase 50 pousan moun nan zòn riral yo. Pandan plizyè lane travay ak kominote riral, Global Justice Clinic te remake pifò manm nan kominote riral yo pa resevwa enfòmasyon fyab pou konnen si dlo yo a bon pou bwè. Anpil Ayisyen, espesyalman sa yo ki nan kominote riral yo, pami yo moun ki twouve yo nan zòn kote yo bay pèmi eskplwatasyon, konte sou dlo sifas ak dlo souteren oswa yo achte dlo nan men konpayi prive. Dlo souteren yo gen plis ris pou li kontamine nan kad eskplwatasyon ak lòt aktivite minyè.  

Eksplwatasyon minyè reprezante gwo ris pou dlo an Ayiti, yon resous ki deja limite. Eksplwatasyon minyè menase disponiblite dlo moun kapab bwè ki sen an Ayiti ki deja limite nan de (2) fason:

  1. Li desann epi deranje resous dlo ki deja limite

  2. Li kontamine sous dlo avèk pwodui chimik. 

Desann anpil dlo epi deranje resous dlo yo ki deja limite

Menm si pwosesis pou ekstrè mineral yo se faz ki itilize plis dlo nan eskplwatasyon min yo, aktivite eskploratwa pou detèmine si sòl la genyen kantite lò ak kwiv ki sifizan pou eksplwate min nan, deranje tou kantite ak kalite dlo a. Foraj pou fè tès eskploratwa yo lakòz genyen gwo twou ki fouye ki chanje mouvman dlo souteren yo epi deranje fason dlo sifas yo koule natirèlman pou ale nan sous ak rivyè yo. Deranjman sa ki fèt sou dlo sifas yo, ki se prensipal sous dlo an Ayiti, pral petèt redui kantite dlo ki disponib pou kominote lokal yo epi diminye kalite dlo ki rete a.

Pwosesis pou eksplwate yon min li menm mande yon kokennchenn kantite dlo. Yo retire gwo kantite dlo ki anba tè pandan pwosesis eksplwatasyon minyè a, sa ki souvan lakòz pi ak sous yo seche. Pou pi ak sous yo fonksyone menm jan ankò, sa ap pran plizyè ane, si sa ap rive fèt. Genyen anpil enstitisyon finansyè entènasyonal ak ajans devlopman ki genyen pwojè dlo ak asenisman k ap fèt aktyèlman an Ayiti. Eksplwatasyon min yo menase kraze travay òganizasyon sa yo fè pou rezoud pwoblèm mank dlo potab ki genyen kounyea.

Kontaminasyon sous dlo yo

Monitè dlo nan Granbwa, depatman Nò. Foto: Ellie Happel, 2016.

Eksplwatasyon minyè chita anpil sou itilizasyon pwodui chimik ki souvan kontamine dlo a. Kontaminasyon dlo akòz aktivite minyè kapab touye moun. Ris kontaminasyon dlo ki pi grav soti nan pwodiksyon drenaj minye asid. Drenaj minye asid pwodui nan moman minrè tankou lò ak kwiv, ki gen anpil silfi (sulfure), ekspoze fas ak dlo epi lè, reyaji pou fòme asid silfirik. 

Asid la fonn lòt metal ak metaloyid toksik ki prezan nan wòch ki tou prè yo, tankou asenik, epi polye tè ak rezèv dlo yo. Sa kapab pwodui nan nenpòt faz eksplwatasyon minyè a, menm pandan faz eksplorasyon an avan menm yo komansè fè ekstraksyon entansif minerè yo. Genyen anpil pèmi eksplwatasyon minyè ki bay an Ayiti ki konsène tè ki twouve yo sou fèm agrikòl oswa tou prè yo. Lè min nan twouve li tou prè tè agrikòl ak zòn kote moun abite, sa ap ogmante ris pou eksplwatasyon min nan detwi non sèlman sous dlo ak manje kominote yo, men menase tou endistri agrikòl la, sa k ap kraze mwayen sibzistans ayisyen ki nan zòn riral yo. Nan Repiblik Dominikèn ki vwazen Ayiti, kontaminasyon dlo ki fèt akòz min Pueblo Viejo a fè kominote ki ap viv tou prè yo oblije depann sou dlo ki vini nan boutèy kòm sous pou jwenn dlo depi plis pase 10 lane.

Delegasyon ayisyen ap gade baraj dechè Pueblo Viejo, Repiblik Dominiken. Foto: Ellie Happel, 2015.

Se dlo ki “pi souvan viktim” akòz eksplwatasyon minyè. Eksplwatasyon minyè reprezante yon twò gwo ris pou dlo an Ayiti pandan pifò Ayisyen ki nan kominote riral yo pa genyen aksè pou jwenn dlo ki pwòp epi abòdab pou yo.

“Nou kapab viv san lò. Nou pa kapab viv san dlo”

- Kominike pou Laprès KJM

Resous