Opozisyon Kominotè
Imajine yon jou, yon elikoptè ateri tou prè lakay ou. Van li pote rache pyebwa yo. Gen moun ki soti nan elikoptè a. Yo genyen zouti ou pa janm abitye wè anvan nan men yo epi y ap pale yon lòt lang. Ou pa t konnen yo t ap vini. Ou pa konnen poukisa yo la.
Atravè pale ki fèt ak moun k ap viv nan kominote ki gen pèmi eksplwatasyon minyè sou yo, moun yo revele pifò abitan yo pa t konnen gouvènman an te otorize dirijan konpayi pou mache sou tè a. Yo pa t menm konnen si tè a kapab genyen resous mineral ladan l. Se menm jou dirijan konpayi yo rive–swa nan elikoptè, bato oubyen nan machin–gason, fanm ak timoun k ap viv nan kominote sa yo te aprann kapab genyen lò ak lòt metal nan sòl la. Nan kilti ayisyèn nan, lè w antre nan lakou yon fanmi, ou anonse prezans ou: Onè! Pou resevwa vizitè yo, abitan ki nan kay la di: Respè!
Moun yo pa di onè. Nou pa di respè. Yo jis antre.
– Deklarasyon yon abitan Lamontay (La Montagne)
Genyen bon jan dokimantasyon ki fèt sou opozisyon kominote yo fè an Ayiti kont eksplwatasyon minyè. Nan yon atik ki soti nan lane 2020 konsènan aktivite minyè nan Karayib la, MINE magazine te fè konnen aktivite minyè se yon kesyon "kontrovèse” nan kominote an Ayiti, yo epi li te site yon deklarasyon kominotè ki te fèt pou denonse konpayi Newmont. Nan lane 2017, gouvènman ayisyen an te angaje yon konpayi k ap bay konsèy nan envestisman, ki li menm te konkli Ayiti pa konpetitif nan domèn envestisman nan sektè minye a. Rapò a fè konnen peyi a manke enfrastrikti, estabilite politik ak lwa reglemantè. Men li fè konnen tou, li prevwa pral gen “yon opozisyon ki fò, ki fèt nan tèt ansanm epi gen vwa k ap soulve tou pou denonse eksplwatasyon minyè an Ayiti pi devan” sa ki kapab reprezante yon menas pou endistri a (gade nan paj 36).
Kominote an Ayiti nan pa sèlman kanpe kont eksplwatasyon minyè a. Yo kanpe tou POU genyen yon altènativ pou lavni peyi Dayiti– yon “Ayiti san eksplwatasyon minyè” ki baze sou respè dwa moun ak yon lavni ki dirab.
Lè nou di non kont eksplwatasyon min, se kominote a ki ranfòse.
Mouvman rezistans an Ayiti a se pa jis kont eksplwatasyon minyè.
Se pou dlo pwòp, yon kominote ki an sante, pou konbit nan agrikilti a, kominote tradisyonèl, agrikilti kolektif epi petèt sa ki pi fondalnatal, otodetèminasyon ak devlopman—nan fason pa nou kòm ayisyen.
Nou kapab viv san lò. Men nou pa kapab viv san dlo.
Wi ak lavi. Non ak Eksplwatasyon Minyè!
– Lèt tou louvri ki soti anba kout plim yon òganizasyon ayisyèn nan Mòn Pele (Morne Pelé) pou denonse eksplwatasyon min lò
Peyizan yo pa kapab viv san tè, ni dlo, ni semans. Nou konnen depi konpayi minyè yo konstwi yon min, dlo ak tè nou yo menase. Nou genyen enfòmasyon sou konsekans reyèl eksplwatasyon minyè kapab genyen sou kominote ki te viv oswa k ap viv konsekans yo.
– Deklarasyon kominote nan kòdwès ki kont eksplwatasyon minyè
Vwa ki soti nan kominote a
Mackenson Jean monte mòn pou rive Lamyèl, yon kominote ki gen yon pèmi eksplwatasyon Newmont sou tèt li, ki sitye pi wò Obòy, Nodwès, Ayiti. 2013. Foto: Ellie Happel.
Dlo, Tè ak Anviwònman an
Kominote ayisyèn yo preyokipe fas ak konsekans malouk eksplwatasyon minyè kapab genyen sou anviwònman an. Yo site vilnerabilite peyi a deja genyen fas ak katastwòf natirèl ki pral deteryore ak aktivite minyè yo. Pi lwen, eksplwatasyon minyè konn kontamine dlo epi detwi tè agrikòl yo—yo toude ki pèmèt anpil ayisyen jwenn lavi.
"Anviwònman nou an se li ki pi vilnerab nan Amerik Latin nan, epi nou sibi tranblemanntè, siklòn ak inondasyon chak ane...Eksplwatasyon minyè kapab vin yon katastwòf– li menase sante nou, dlo nou, tè nou, ak tout rès anviwònman an."
– Lèt tou louvri ki soti anba kout plim òganizasyon ayisyèn ki nan Mòn Pele (Morne Pelé)
Aksè pou jwenn enfòmasyon
Genyen gwoup nan kominote ki preyokipe tou sou mank transparans ki genyen nan devlopman sektè minye a. Genyen kèk abitan nan kominote kote genyen konpayi ki resevwa pèmi eksplorasyon lò ak kwiv ki ap plenyen akòz moun k ap monte sou tè yo, apante tè yo, pran echantiyon san pèmisyon, epi yo pa rive bay enfòmasyon ki korèk sou objektif aktivite minyè preliminè y ap fè yo. Manm kominote yo fistre akòz yo mete yo deyò nan desizyon ki afekte lavi yo. Yo plenyen akòz konpayi yo raman bay enfòmasyon sou ris eksplwatasyon minyè genyen epi akòz Leta te bay pèmi san li pa enfòme pèp la.
Pou yon vre deba ta fèt sou kesyon si eskplwatasyon minyè se yon aktivite ekonomik ki bon pou Ayiti, kominote ki afekte yo ap revandike pou konpayi a bay enfòmasyon ki korèk sou ris ak avantay yon tèl min kapab pote.
“Nou pa genyen aksè pou jwenn enfòmasyon. Mwen aprann, atravè radyo, gouvènman an te siyen kontra ak konpayi minyè. Men pa genyen okenn mekanis pou enfòme pèp ki nan lokalite yo oswa pou fè yo konnen kijan nou dwe reyaji fas ak etranje ki vin fè eksplwatasyon minyè isi a.”
– Deklarasyon yon otorite lokal nan Basentàn, Nòdwès, Ayiti
“Nou ap ensiste pou nou di konpayi yo vini pou fè bizinis, epi menm si yo fè anpil pwomès, jeneralman yo pa respekte yo, nou konsidere tou konpayi sa yo raman bay enfòmasyon sou ris ak konsekans eksplwatasyon minyè genyen, espesyalman pou travayè, peyizan ak rès popilasyon an. Nou remake tou konpayi yo pa bay enfòmasyon sou kote yo te travay deja jiskaprezan.”
– Lèt tou louvri ki soti anba kout plim òganizasyon ayisyèn ki nan Mòn Pele (Morne Pelé)
Kolektif Jistis Min fè pwojeksyon imaj min syèl ouvri devan moun k ap viv nan Plato Santral, Ayiti. Foto: Ellie Happel.
Plent Kont Bank Mondyal
Nan lane 2015, manm kominote an Ayiti, Kolektif Jistis Min, Global Justice Clinic, ak Accountability Counsel te depoze yon plent devan Panèl Enspeksyon, ki se yon mekanis entèn ki la pou resevwa plent ki baze nan Bank Mondyal. Nan plent sa, yo rann Bank Mondyal responsab paske li pa t respekte pwòp nòm pa l sou anviwònman ak dwa moun lè li bay asistans teknik pou re-ekri pwojè lwa sou eksplwatasyon minyè a an Ayiti. Nan plent lan, yo souliyen preyokipasyon sou pwosedi yo–leta te ekri pwojè lwa a avèk patisipasyon konpayi ki genyen pèmi an Ayiti, san kominote ki afekte yo pa patisipe–ansanm avèk ak preyokipasyon yo genyen sou fon dosye a– lwa a pa pwoteje ni anviwònman Ayiti a ni dwa manm kominote ki afekte yo. Panèl Enspeksyon an te twouve preyokipasyon yo site nan plent lan “grav ak lejitim.” Men, akòz yon fay teknik, Panèl Enspeksyon an te rejte plent lan.
Kòm repons, plis pase 90 òganizasyon ki nan sosyete sivil la te siyen yon lèt pou mande Bank lan pran responsablite li, epi konstate ki enjistis fay sa a koze.
Odyans devan CIDH sou vyolasyon dwa pou moun jwenn enfòmasyon
Nan lane 2015, Kolektif Jistis Min (KJM) ak Global Justice Clinic (GJC) te temwaye devan Komisyon Entè-Ameriken sou Dwa Moun konsènan dwa pou jwenn enfòmasyon an Ayiti. KJM, GJC ak yon twazyèm gwoup ki rele Megaprojects Observatory te mande gouvènman ayisyen an pou li adopte lwa pou moun ka jwi dwa pou jwenn enfòmasyon. Yo menm tou te mande gouvènman an pou bay kominote ki afekte yo enfòmasyon sou pwojè devlopman touristik ak minyè yo, epi mande gouvènman an pou li pa mete pwojè lwa sou eksplwatasyon minyè a sou pye, paske dapre yo sa ta kraze transparans.
Solidarite Entènasyonal
“Lè nou konsidere eksperyans lòt peyi, nou wè eksplwatasyon minyè kapab vin yon katastwòf– li menase sante nou, dlo nou, tè nou, ak tout rès anviwònman an."
– Lèt tou louvri ki soti anba kout plim òganizasyon ayisyen nan Mòn Pele (Morne Pelé)
Òganizasyon ak kominote an Ayiti yo vire je yo gade lòt kominote ki nan lòt pati nan mond lan ki twouve yo nan menm sitiyasyon an pou yo enfòme tèt yo sou ris eksplwatasyon minyè genyen. KJM ak òganizasyon alye li yo te resevwa militan, defansè dwa ak lidè kominotè ki soti nan peyi Salvadò, Meksik, Gwatemala, Pewou, Repiblik Dominiken, Repiblik Demokratik Kongo, Bikina Faso, Ondiras, ak Kolonbi pami lòt. Manm KJM ak kominote a te vwayaje ale nan kominote ki sitye nan zòn kote ki genyen min, pami yo nan peyi Gwatemala, Repiblik Dominiken, Repiblik Demokratik Kongo ak Gana. Atravè echanj sa a, ayisyen vin konnen se lamizè ak soudevlopman—olye de richès ak pwosperite— ki konsekans ekstraksyon resous natirèl yo pi souvan. Lidè ak militan ki soti lòt peyi yo ankouraje KJM ak lòt òganizasyon ki nan mouvman sosyal yo pou yo rekonèt se kounye a—avan yon konpayi enstale li epi konstwi min—ki pi bon moman pou fè rezistans. Òganizasyon ayisyèn yo kontinye aprann apati eksperyans omològ yo nan lòt peyi ki ankouraje yo pa kite pwopagann vire lòlòj yo pou fè yo kwè eksplwatasyon minyè pote travay ak devlopman.
“Kounye a, fòk nou tire leson sou rezistans kont min nan Amerik Latin. Yo menm kapab bay nou menm an Ayiti yon souf—yo montre rezistans se posib.”
– Nixon Boumba, ansyen manm Kolektif Jistis Min (KJM)
Militan ak òganizatè kominotè ki soti nan peyi Dayiti, Kanada, Salvadò, Meksik, ak Etazini pale devan abitan Pòdpè, Nòdwès, Ayiti. 2016. Foto: Jean Rober.
Nou menm òganizasyon ti peyizan, travayè ak sitwayen nan Nò, espesyalman nan Mòn pele , ki siyen lèt sa ap leve vwa nou pou-n denonse pwojè eksplwatasyon min nan depatman Nò a espesyalman nan Mòn Pele, Komin katye Moren