Tranblemanntè

Tranblemanntè rive souvan an Ayiti. Ayiti twouve li sou yon fay sismik, ki pwovoke anpil tranblemanntè. Li sibi kèk nan tranblemanntè ki pi motèl epi ki koze plis dega nan istwa modèn nan. Nan lane 2021 sèlman, te genyen 1647 tranblemanntè nan tout peyi a. Jou ki te 14 dawout 2021 an, Ayiti te sibi yon tranblemanntè mayitid 7.2, ki te touye daprè estimasyon yo 2.248 moun, blese plis pase 12.760 moun, epi kite plis pase 650.000 moun nan bezwen asistans imanitè. Tranblemanntè a te andomaje sèvis lasante yo, sa ki mete plis presyon sou kapasite peyi a pou bay moun swen sante ki deja limite, epi diminye kapasite repons peyi a fas ak pandemi COVID-19. Tranblemanntè 2021 an frape Ayiti nan yon moman Ayiti t ap eseye rekanpe aprè dega tranblemanntè mayitid 7.0 ki te pase 12 janvye 2010 la. Tranblemanntè 2010 la te koze lanmò plis pase 200.000 moun daprè estimasyon yo epi lakòz deplasman apeprè 1.6 milyon moun. Plis pase 300.000 kay te andomaje oswa detwi, epi kòb ki te evalye pou rekonstriksyon an se pou pi piti 14 milya dola.

Dega tranblemanntè, Pòtoprens janvye 2010. Foto: Ellie Happel, 2010.

Akòz Ayiti twouve li sou yon fay sismik, sa fè eksplwatasyon minyè tounen yon aktivite ki danjere anpil. Yon tranblemanntè kapab lakòz gwo dega nan sit minyè yo, sa ki ka reprezante yon gwo ris pou koze polisyon katastwofik sous dlo yo ak dega ki pa kapab repare sou tè a. Rès pwodui ak dechè ki soti nan min yo souvan kache deyè gwo dig ki fèt ak tè, yo rele dig yon gwo twou oubyen baraj pou kenbe dechè likid ki soti nan pwosesis pou pran metal la.

Òganizasyon k ap travay pou jistis pou anviwònman an ki rele Earthworks fè konnen dig sa yo efondre pi souvan avèk konsekans ki pi katastwofik nan dènye lane yo. Tranblemanntè ogmante ris pou dig sa yo efondre. Menm yon tranblemanntè ki pa fò konn fèt anvan yon dig ki la pou estoke dechè yo efondre. An 2015, te genyen yon dig ki te efondre nan peyi Brezil aprè kèk ti tranblemanntè ki pa t plis pase mayitid 2.6. 19 moun te mouri. Dig ki te efondre a te libere 60 milyon mèt kib dechè ki te devaste anviwònman vil ki te tou prè a epi kontamine rivyè a, ki se prensipal sous manje ak dlo pou kominote ki nan zòn nan. An 2019, mwens pase 4 ane aprè, yon lòt dig te efondre nan peyi Brezil, ki te touye 270 moun epi libere preske 10 milyon mèt kib dechè nan anviwònman Rivyè Paraopeba. Efondreman te lakòz rivyè a polye epi plizyè santèn milye moun te pèdi sous dlo pwòp yo te genyen. Kantite efondreman k ap fèt yo gen relasyon ak pratik eksplwatasyon minyè modèn yo ki pwodui gwo kantite dechè.

Dezas baraj dechè nan peyi Brezil: Baraj la efondre, ki touye plis pase 270 moun epi lage materyèl toksik ak metal nan rivyè nan zòn nan. Brezil, 2019. Foto: IBAMA Brasil, CC BY-SA 2.0, atravè Wikimedia Commons

Gwo kantite tranblemanntè ki genyen an Ayiti reprezante yon ris anplis pou dig sa yo efondre. Nenpòt dega oswa polisyon sou sous dlo yo oswa tè Ayiti a kapab paralize peyi a, kote mwens pase 67% popilasyon an ki genyen aksè pou jwenn dlo pwòp, kote tou kominote riral yo konte anpil sou dlo y ap achte nan men konpayi prive, dlo sifas oswa dlo souteren, epi kote pifò moun k ap viv sou tè ki gen yon pèmi eksplwatasyon minyè sou li ap viv nan kominote kote moun fè ti jaden pou yo ka jwenn lamanjay.

Dig dechè nan peyi Japon. Foto sa a se pwopriyete National Land Image Information (Color Aerial Photographs), Ministry of Land, Infrastructure, Transport and Tourism, atravè Wikimedia Commons

Eksplwatasyon minyè se pi gwo kòz tranblemanntè moun pwovoke nan mond nan. An Ayiti, rezèv lò yo konnen ak sa yo prezime yo sitye sou fay la, sa ki ogmante anpil ris tranblemanntè ki rive akòz eksplwatasyon minyè nan yon rejyon kote tranblemanntè deja ka pase nenpòt kilè. Nan ane ki sot pase yo, preskil sidwès la, pati santral peyi a ak rejyon nò a—kote pifò min metal Ayiti yo chita—yo tout te konnen tranblemanntè. Menm si tranblemanntè min yo pwovoke yo pa genyen gwo mayitid, menm yon tranblemanntè ki pa fò, jan nou te konstate sa nan peyi Brezil nan lane 2015, kapab fè dig yo efondre, ki kapab touye moun epi genyen konsekans katastwofik pou anviwònman an.

Resous