Dwa Moun
Eskplwatasyon minyè menase dwa moun pèp ayisyen an. Tout konpayi yo genyen responsablite pou respekte dwa ayisyen genyen kòm moun, epi yo dwe rekonèt kapasite limite gouvènman ayisyen an pou li pwoteje epi fè respekte dwa pèp li. Eskperyans kominote ayisyen yo nan lokalite kote yo fè eskplorasyon minyè demontre yo pa byen respekte ni pwoteje dwa moun epi pa gen anyen ki fèt pou moun jwi dwa sa yo. Kondisyon frajil dwa moun ye an Ayiti reprezante yon gwo ris parapò ak kapasite konpayi minyè yo pou yo asime responsablite yo genyen pou respekte dwa ayisyen genyen kòm moun.
Nou pale sou enpak aktivite eksplwatasyon minyè sou kèk grenn nan valè dwa moun genyen, dwa ekslwatasyon minyè menase: dwa pou jwenn dlo, dwa pou gen tè, dwa pou gen aksè ak lasante, dwa pou gen aksè ak enfòmasyon, ak dwa pou moun ka granmoun tèt yo.
Demonstrasyon nan Lamontay (La Montagne), depatman Nòdwès. Foto: Ellie Happel, 2014
“Moun yo genyen fason yo yo viv, relasyon yo genyen ak tè a, fason yo kiltive bagay yo, fason yo konstwi kominote yo ansanm. Moun ki vini yo ki vle fè eskplwatasyon minyè pa wè mond lan menm jan oswa pa pataje menm vizyon ak kominote a—yo t ap deranje vizyon sa a.”
– Sabine Lamour, sosyològ ak kowòdonatè òganizasyon feminis, Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)
Nan mitan rezistans kont aktivite eksplwatasyon minyè: Dwa pou moun granmoun tèt yo
Posiblite eskplwatasyon minyè menase dwa pèp ayisyen an genyen pou li granmoun tèt li. Aktivis ak chèchè yo te idantifye devlopman sektè eksplwatasyon minyè an Ayiti kòm yon lòt evènman nan yon istwa ki long kote y ap enpoze, fè enjerans ak esklpwatasyon ki kòmanse ak kolonizasyon zile a. Yo te gentan konn fè aktivite eksplwatasyon minyè deja san konsantman kominote k ap viv sou tè a, epitou aksan yo mete sou eksplwatasyon minyè te mete fren sou inisyativ kominotè pou devlopman ekonomik Ayiti. Ayisyen ki opoze yo ak eskplwatasyon minyè yo kontinye ak yon liye rezistans ki la depi plizyè syèk kont sistèm kolonyalis ak estraksyon sou zile a, kote y ap batay pou yo kapab granmoun tèt yo, pou pran kontwòl pwòp lavi yo, prezève kilti yo epi viv nan mitan kominote pa yo epi sou tè pa yo.
Konpayi minyè etranje yo, ki soti prensipalman Etazini ak Kanada te antre an Ayiti pou kòmanse aktivite eskplorasyon, souvan san pèmisyon kominote k ap viv epi kiltive tè nan zòn nan . Dirijan ayisyen yo ak aktè ki soti nan rejyon Nò glòb terès la – konpayi minyè, ensitisyon finansyè entènasyonal ak gouvènman etranje yo–kontinye ap di se pou yo esktrè metal ki an Ayiti yo pou peyi a ka devlope, kontrèman ak demann epi swè kominote y ap gen pou ta deplase yo. An 2011, gouvènman ayisyen an te lanse pwogram “Ayiti Ouvè pou Biznis”, ki se yon plan ekonomik ki te mete eskplwatasyon minyè kòm yon bagay ki esansyèl pou avni ekonomi Ayiti. Pou rive ane 2022, menm pati politik ki se Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) kontinye ap fè pledwaye pou swadizan avantaj ekonomik eksplwatasyon minyè moun ap egzajere oswa mal konprann. Nan menm tan, sa detounen atansyon pou moun pa wè sa kominote yo ap pwopoze yo menm pou ekonomi ak lavni Ayiti a - notaman enfrastrikti ak inovasyon pou kore kiltivasyon ak pwoteksyon kilti, anviwònman, ak fason moun viv an Ayiti.
Samuel Nesner, ki se ansyen animatè Kolektif Jistis Min, te ensiste pou li di lide a se mete enterè konpayi ak leta etranje yo sou tèt lavi ayisyen yo, espesyalman peyizan yo. Desizyon eksplore pou metal an Ayiti te fèt san patisipasyon kominote ki afekte direkteman. Pozisyon entènasyonal k ap plede pale sou avantaj ekonomik eskplwatasyon minyè, avantaj ki egzajere epi moun mal pou konprann, se pou rive detounen atansyon an sou pwopozisyon kominote yo fè pou avni ak ekonomi peyi Dayiti - nou vle pale de enfrastrikti ak inovasyon pou sipòte agrikilti a epi pwoteje kilti, anviwònman an ak fason yo viv.
Gade anba pou aprann pi plis sou enpak eksplwatasyon minyè genyen sou dwa pou jwenn dlo, dwa pou gen tè, dwa pou gen aksè ak lasante, dwa pou gen aksè ak enfòmasyon.
Dlo
Eksplwatasyon minyè reprezante gwo ris pou kalite ak kantite dlo ki genyen an Ayiti. Eksperyans montre eksplwatasyon minyè epuize sous dlo yo epi tou reprezante yon gwo ris kontaminasyon dlo ki kapab touye moun. Se mwens pase 50 pou san Ayisyen ki nan kominote riral yo ki genyen aksè ak dlo potab ki sen. Anpil ayisyen konte sou dlo sifas epi/oswa dlo souteren ki deja anba gwo ris kontaminasyon. Eksplwatasyon minyè se yon kokenchenn ris pou dlo an Ayiti, yon resous ki deja limite.
Tè
Konpayi minyè etranje yo, ki soti prensipalman Etazini ak Kanada te antre an Ayiti pou kòmanse aktivite eskplorasyon, souvan san pèmisyon kominote k ap viv epi kiltive tè nan zòn nan. Dirijan ayisyen yo ak aktè ki soti nan peyi Nò yo – konpayi minyè, ensitisyon finansyè entènasyonal ak gouvènman etranje yo–kontinye ap di se pou yo esktrè metal ki an Ayiti yo pou peyi a ka devlope, kontrèman ak demann epi swè kominote y ap gen pou ta deplase yo. An 2011, gouvènman ayisyen an te lanse pwogram “Ayiti Ouvè pou Biznis”, ki se yon plan ekonomik ki te mete eskplwatasyon minyè kòm yon bagay ki esansyèl pou avni ekonomi Ayiti. Pou rive ane 2022, menm pati politik ki se Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) kontinye ap fè pledwaye pou swadizan avantaj ekonomik eksplwatasyon minyè moun ap egzajere oswa mal konprann. Nan menm tan, sa detounen atansyon pou moun pa wè sa kominote yo ap pwopoze yo menm pou ekonomi ak lavni Ayiti a - notaman enfrastrikti ak inovasyon pou kore kiltivasyon ak pwoteksyon kilti, anviwònman, ak fason moun viv an Ayiti.
“Espri yo abite nan dlo, nan pyebwa yo. Eskplwate yo se detwi espri nou yo.”
– Sabine Lamour, sosyològ ak kowòdonatè òganizasyon feminis, Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)
Sante
Eksplwatasyon lò genyen efè negatif sou sa ki fondamantal pou sante moun, tankou nan kontaminasyon dlo ak lè a epi nan diminye kantite manje ki ap pwodui. Ris pou sante moun ogmante plis an Ayiti, ki deja genyen yon sistèm sante ki pa genyen ase resous epi kote anpil ayisyen gen aksè limite oswa pa genyen aksè pou jwenn swen sante. Eskplwatasyon minyè repoze sou itilizasyon gwo kantite pwodui chimik, ki kapab kontribye nan pwodiksyon kantite dechè moun pa kapab jere, nan debwazman, glisman tèren, ewozyon tè a ak kontaminasyon dlo, sa ki menase manje ak mwayen sibzistans Ayisyen yo menm jan ak ogmantasyon ris pou genyen katastwòf klimatik ki fatal. Danje eksplwatasyon minyè reprezante pou sante patikilyèman preyokipan lè nou konsidere anpil ayisyen pa genyen aksè pou jwenn swen sante, avèk ogmantasyon pri trètman yo epi akòz enfrastrikti medikal yo manke finansman. Enstabilite politik dènyeman la yo, ensekirite, katastwòf klimatik tankou tranblemanntè mwa dawout 2021 an, ak pandemi COVID-19 la te mete plis presyon toujou sou sistèm sante ayisyen an.
Aksè pou jwenn Enfòmasyon
Twò souvan, pèp ayisyen an pa genyen opòtinite pou patisipe nan desizyon k ap pran sou avni li ak avni kominote li yo. Moun yo toujou pale de “blakawout” nan zafè enfòmasyon. Kominote ki afekte yo akòz eksplwatasyon minyè nan Nò Ayiti pa kapab patisipe kòrèkteman nan aktivite gouvènman yo a ap fè, akòz mank aksè ak enfòmasyon epi tou akòz gouvènman an pa kreye mekanis ki aksesib pou sitwayen yo patisipe. Yo souvan pran gwo desizyon yo nan kat miray nan Pòtoprens, an fransè olye se kreyòl (lang tout Ayisyen pale), byen lwen kay ak reyalite pifò moun ap viv chak jou nan zòn riral yo, moun yo mete sou kote parapò ak inegalite nan revni, richès ak pouvwa. Nivo esklizyon sosyal, ekonomik ak politik rann abitan ki nan zòn riral ki afekte akòz eksplwatasyon minyè yo vilnerab anpil fas ak vyolasyon dwa k ap plede fèt, ki gen ladann tou vyolasyon dwa pou jwenn enfòmasyon.