Tè
Dwa pou gen tè
Dwa pou yon moun gen tè se youn nan dwa fondamantal ki jwenn pwoteksyon anba dwa pou moun genyen yon nivo lavi ki korèk daprè Atik 11 Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo, dwa pou lavi prive selon Atik 17 Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik, epi dwa pou genyen pwopriyete selon Atik 17 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun. Dwa pou yon moun genyen tè gen ladan li tou dwa pou yo pa fòse moun nan kite tè li. An Ayiti, dwa pou gen tè enplike ladan li tou dwa pou jwenn manje paske pifò tè ki nan kominote riral yo sèvi pou travay latè pou yo siviv.
Peyizan–moun ki nan zòn riral ki travay ansanm pou kiltive tè–se ‘poto mitan’ kilti, ekonomi ak idantite Ayiti a. Militan, chèchè, manm sosyete sivil ak abitan nan kominote yo k ap viv sou tè kote yo bay pèmi eksplwatayon minyè te fè konnen, nan entèvyou yo te fè ak Kolektif Jistis Min epi Global Justice Clinic, ayisyen soude ak tè yo. Enpòtans lan kapab gen lyen avèk espirityalite vodou, ak istwa agrè peyi Dayiti. Pifò moun k ap viv nan nò Ayiti, kote genyen plis pase 50 pèmi, ap viv nan kominote ki depann de agrilti pou jwenn mwayen sibzistans sa yo rele agrikilti familyal peyizan an. Samuel Nesner, ki se yon manm fondatè Kolektif Jistis Min, te ensiste pou li di “lavi peyizan yo lye ak tè a. Se yon fòs; pa genyen anyen ki kapab ranplase koneksyon peyizan yo genyen ak tè a.”
An oktòb 2021, Samuel Nesner te eksplike nan yon odyans sou enpak endistri minyè yo genyen sou dwa moun ak chanjman klimatik nan Karayib la devan Komisyon Entè-Ameriken sou Dwa Moun, pou li di an Ayiti, endistri minyè a mete peyizan deyò sou tè agrikòl yo epi lakòz gwo dega sou anviwònman an ki te deja degrade.”
Eksplwatasyon minyè menase dwa ayisyen pou yo gen tè nan de (2) fason prensipal sa yo:
Delokalizayon ak dappiyanp sou tè
Dega sou tè a
Dappiyanp sou tè ak deplasman
Jaden pwa kongo ak yon lekòl, Lamontay, depatman Nòdwès. Foto: Ellie Happel, 2014.
Eksplwatasyon minyè itilize gwo kantite tè. Ayiti se peyi ki gen pi gwo dansite popilasyon epi li genyen anpil mòn. Deja manke tè pou fè agrikilti. Genyen yon gwo kantite tè an Ayiti kote yo bay pèmi pou yo, se kote plizyè kominote ki travay latè pou yo ka viv. Eksplwatasyon minyè menase pou deplase kominote sa yo sou tè agrikòl yo.
Anpil moun an Ayiti te konn viv sou tè pandan plizyè jenerasyon san yon tit fòmèl epi yo te depann de tè sa pou jwenn mwayen sibzistans yo. Ayisyen genyen dwa pou gen tè yo menm si yo pa gen tit fòmèl. Men, règlemantasyon minyè ak òganis ki la pou fè lalwa aplike yo pa bay ase pwoteksyon ak dwa ayisyen genyen pou posede tè. Nan zòn riral an Ayiti, genyen yon kriz espwopriyasyon tè k ap repete, moun konnen tou sou non dappiyanp sou tè. Dappiyanp sou tè te lakòz yo fòse peyizan ak fanmi yo kite tè yo, anpil fwa anba menas vyolans epi san yon konpansasyon ki korèk, nan avantaj gwo biznis ak konpayi etranje yo. Nan mitan 20yèm syèk la, konpayi minyè peyi Etazini ak Kanada te deplase plizyè milye fanmi, fè yo kite tè yo. Tou dènyeman la an 2010, Pak Endistriyèl Karakòl, ki se yon pwojè ki te resevwa gwo finansman nan men Etazini, te deplase 4000 moun san konpansasyon. Gen yon pwosesis pou dedomaje moun yo kounyea aprè anpil pledwaye epi aprè yon kolektif fanmi viktim te fin depoze yon plent kont Bank Entè-Ameriken pou Devlopman.
Konpayi minyè yo montre yo pa gen respè pou dwa ayisyen genyen sou tè yo. Sou baz pèmi eksplwatasyon minyè yo resevwa san konsiltasyon kominote k ap viv sou tè yo, konpayi yo antre nan kominote yo san otorizasyon, pran echantiyon tè epi fouye twou nan tè agrikòl yo. Nan zòn Lamontay ki se yon rejyon nan Nòdwès Ayiti, Newmont konvenk abitan yo siyen akò pou gen aksè sou tè a san li pa bay yo bon jan enfòmasyon sou sa ki nan kontra sa yo. Pandan entèvyou ak Kolektif Jistis Min epi Global Justice Clinic, genyen kèk abitan Lamontay ki deklare akò sa yo ap pote avantaj ki menm ak avantaj pwojè devlopman ki pa la pou fè lajan. Pou jwenn plis enfòmasyon sou akò pou aksè sou tè a, ale nan Dwa pou gen aksè a enfòmasyon.
Dega sou Tè a
Eksplorasyon minyè, nan yon nivo ki pi laj ankò, ak eksplwatasyon minyè riske koze dega fizik pèmanan sou sòl peyi Dayiti. Nan kominote riral yo, kote majorite popilasyon an fè agrikilti pou yo viv, dega ki fèt sou tè yo preyokipan anpil, anplis moun pa genyen aksè pou jwenn ase tè agrikòl. Eksplwatasyon minyè kreye yon gwo ris pou gen ewozyon nan sòl la. Avan menm yo konstwi yon min, konstriksyon wout ak fouye twou pou fè eksplorasyon kapab koze ewozyon ki ap kontamine dlo souteren yo. Foraj eksploratwa ki fèt kapab libere sibstans toksik ki nan fon sòl la. Eksplorasyon minyè kapab tounen yon gwo danje pou sòl la ak kouch tè ki la pou plante a, sa ki kapab anpeche moun fè aktivite agrikòl sou tè a. Eksplorasyon minyè, konstriksyon wout li menm tou, konn mande souvan pou yo retire kouch tè moun k ap plante sou li a, sa ki kapab pwovoke ewozyon ak dega moun pa kapab repare. Anplis menas li reprezante pou mwayen sibzistans anpil peyizan ayisyen, ewozyon an ap ogmante tou chans pou genyen kastwòf epi ogmante nivo gravite yo ki kapab koze lanmò tankou glisman tèren ak inondasyon. Pou konnen plis sou fason eksplwatasyon minyè agrave menas pou genyen katastwòf klimatik, ale nan Katastwòf Klimatik.
Rezidan Patriko, nan nò peyi Dayiti, ap gade gwo twou konpayi min kite aprè li fè foraj. Foto: Ellie Happel, 2013.
Eksplwatasyon minyè chanje tè a. Genyen mwens pyebwa. Ou pa kapab plante anyen. Se tè a ki pèmèt nou viv. Si li pa pwodui pou nou, afè nou p ap bon, li p ap bon ditou.
– Abitan Lamontay
Chak fwa sistèm kapitalis la renouvle tèt li, swa nan esklavaj oswa tè, li transfòme moun ak tè yo pou tounen eleman ki kapab anrichi lòt moun. Sa fè pati tout yon vizyon ki pa yon vizyon ekolojik. Se pa yon vizyon feminis. Kijan moun kapab viv ak bèt, ak tè a? Kijan nou kapab viv youn ak lòt an amoni?
– Sabine Lamour, Sosyològ ak kòdonatè òganizasyon feminis, Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)