Aksè pou jwenn Enfòmasyon
Dwa pou gen Aksè ak Enfòmasyon selon Dwa Entènasyonal
Dwa pou gen aksè ak enfòmasyon se youn nan dwa fondamantal ki kouvri anba dwa pou libetè lapawòl nan Atik 13 Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun ak Atik 19 Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik. Atik 11 Deklarasyon Nasyonzini sou Dwa Peyizan ak lòt Moun k ap Travay nan Zòn Riral yo fè konnen Eta yo dwe garanti pou peyizan ak lòt moun k ap travay nan zòn riral yo jwenn “bon jan enfòmasyon, nan bon moman, ki transparan ak korèk, nan yon lang ak sou yon fòm epi atravè mwayen ki adapte ak metòd kiltirèl yo” ki pèmèt yo patisipe kòmsadwa nan pran desizyon sou sijè ki kapab afekte lavi, tè ak mwayen sibzistans yo.
An Ayiti, yo toujou pran gwo desizyon yo dèyè kat miray nan Pòtoprens. Yo pran desizyon sa yo an fransè olye yo pale kreyòl, epi yo fè sa byen lwen lakay ak reyalite kotidyen majorite popilasyon an, ki yo menm ap viv nan kominote riral yo mete sou kote akòz gwo inegalite nan revni, richès ak pouvwa. Mank aksè pou jwenn enfòmasyon an vle di yo anpeche kominote ki afekte akòz aktivite minyè yo patisipe nan pran desizyon nan yon fason siyifikatif.
Sit kote Konpayi VCS Mining te fè foraj eksploratwa, Kadouch, Nò, Ayiti. Foto: Ellie Happel, 2014.
Echantiyon wòch, Granbwa, depatman Nò. Foto: Ellie Happel, 2013
Soti lane 2006 pou rive 2013, Gouvènman ayisyen an te bay plis pase 50 pèmi pou eksplore min lò sou tè kote plizyè dizèn kominote ap viv. Nan entèvyou abitan kominote sa yo bay, yo fè konnen yo remake moun ki antre sou tè yo, apante pwopriyete yo, epi pran echantiyon wòch ak sòl san pèmisyon. Plizyè abitan fè konnen yo te sèlman aprann t ap genyen kèk aktivite minyè ki t ap kòmanse fèt nan kominote yo a se lè yo wè kamyon oswa elikoptè. Pou plis enfòmasyon sou entèvyou sa yo ak temwayaj yo, nou ap jwenn yo nan Chapit 5 (V) dokiman Byen Konte, Mal Kalkile? Ris Esplwatasyon Min Lò genyen sou Dwa Moun ak Anviwonnman an Ayiti (paj 199-222).
Kanta peyizan ak fanmi ki nan kominote riral kote gen konpayi k ap fè eksplorasyon pou chèche lò, yo mete yo sou kote kategorikman lè yo pran desizyon sou endistri minyè a ak lwa ki la pou reglemante aktivite minyè yo. Jounalis yo pa reyisi jwenn enfòmasyon konsènan pwomosyon k ap fèt pou endistri minyè a nan men Gouvènman an, sa ki agrave pi plis mistè global ki genyen konsènan sektè minye a.
“Lè mwen t ap ekri atik sou eksplwatasyon lò, mwen voye imèl, mwen fè apèl epi mwen te ale nan Ministè Travo Piblik. Mwen te vle resevwa enfòmasyon. Tout imèl ak apèl mwen yo te rete san repons. Nou menm kòm jounalis nou pa genyen aksè pou jwenn enfòmasyon, sa ki fòse nou bay [piblik la] enfòmasyon ki pa konplè.” – Lafontaine Orvild, Jounalis
Òganizasyon sosyete sivil la ak mouvman sosyal yo denonse mank transparans ki genyen nan devlopman sektè minye a. Anpil moun enkye pou si vyolasyon dwa pou jwenn enfòmasyon ta vin agrave si yon konpayi ta konstwi yon min epi kòmanse rale lò. Manm kominote yo pè pou konpayi yo pa ekspwopriye epi pran tè yo san avètisman, epi pou yo pa pèdi tout sa yo posede malgre yo te travay di pou li. Malerezman sa konn rive souvan nan peyi Dayiti.
Absans pwoteksyon jiridik sou dwa pou jwenn enfòmasyon an Ayiti—espesyalman sou sa ki konsène eskplwatasyon minyè—anpeche kominote yo patisipe nan pwosesis pou pran desizyon yo. Pou plis enfòmasyon sou fason lwa ayisyen yo pa pwoteje dwa pou moun jwenn enfòmasyon, ale nan Kontèks Jiridik.
Ane 2015, kominote an Ayiti ansanm ak alye entènasyonal yo depoze yon plent bay Panèl Enspeksyon an. Panèl Enspeksyon an se yon mekanis endepandan pou kominote oswa moun ki panse yon pwojè Bank Mondyal te fè yo mal ka pote plent. Plent lan mete aksan sou mank patisipasyon kominote an Ayiti nan pwosesis pou refòmile pwojè lwa sou eksplwatasyon minyè. Ou met li pi plis la.
Akò Escazú a
Rejyon Amerik Latin ak Karayib la te adopte Akò Rejyonal sou Aksè ak Enfòmasyon, Patisipasyon Piblik la ak Jistis sou Kesyon Anviwònman (moun konnen sou non Akò Escazú) nan mwa mas 2018. Akò Escazú a garanti pou moun ki afekte yo, patikilyèman sa ki pi vilnerab yo, jwenn aksè ak enfòmasyon epi patisipe nan pran desizyon k ap afekte lavi yo ak anviwònman an. Menm si Ayiti pa t ratifye Akò Escazú a, kòm siyatè akò a, Ayiti gen obligasyon pou l pa manje otorite trete a.
Konsantman lib, ki fèt alavans, epi sou baz enfòmasyon
Mank aksè a bon jan enfòmasyon kapab vyole tou prensip Konsantman lib, ki fèt alavans, epi sou baz enfòmasyon (FPIC). Anpil konpayi minyè, pami yo Newmont, pran angajman pou yo fè respekte prensip FPIC a nan aktivite y ap fè. FPIC egzije kominote ki afekte yo pou yo patisipe nan pran desizyon konsènan eksplwatasyon minyè. FPIC a garanti kominote yo opòtinite pou yo bay oswa refize bay konsantman yo, ki dwe fèt sou baz enfòmasyon, pou kèlkeswa aksyon ki pwopoze ki kapab afekte yo menm oswa ki ka afekte tè epi resous yo genyen.
Si manm kominote a pa resevwa bon jan enfòmasyon ki sifizan sou aktivite minyè ki gendwa fèt sou tè yo a, li enposib pou yo bay yon konsantman sou baz enfòmasyon. Yon egzanp aktivite yon konpayi kòmanse reyalize san yon konsantman alavans, sou baz enfòmasyon, se eksperyans abitan Lamontay nan depatman Nòdwès peyi Dayiti ap fè.
Pwosesis FPIC a dwe:
Lib. Pwosesis la dwe fèt san okenn presyon, kapponay oswa manipilasyon. Patisipasyon an dwe fèt atravè reprezantan ak enstitisyon kominote a chwazi nan tout libète.
Fèt a lavans. Yo dwe jwenn konsantman an avan yo kòmanse oswa otorize aktivite yo. Yo dwe fè sa pandan tout diferan faz yon pwojè. Kominote yo dwe genyen ase tan pou yo egzekite pwòp pwosesis pa yo pou jwenn antant avan konpayi a antreprann kèlkeswa nouvo aktivite.
Fèt sou baz enfòmasyon. Yo dwe bay enfòmasyon ki egzak nan yon fòm ki aksesib e konpreyansib, menm pou kominote ki genyen tradisyon oral. Enfòmasyon yo bay la dwe abòde divès aspè aktivite pwojè yo propoze—tankou kalite, dimansyon, èske yo ka tounen sou li, kote l ap fèt, konbyen tan l ap pran, ak ki objektif li—epi yon evalyasyon sou enpak ekonomik, sosyal ak kiltirèl ki pwobab yo.
Rankont kominotè, Kadouch, depatman Nò. Foto: Nixon Boumba, 2017.
Pwojeksyon fim KJM te òganize nan Plato Santral. Foto: Ellie Happel, 2014.
Akò sou Aksè pou Jwenn Tè nan Lamontay (La Montagne)
Soti 2009 pou rive 2012, anpil manm kominote Lamontay ki te siyen oswa poze anprent dwèt pous yo sou akò pou bay aksè ak tè, reprezantan Newmont-Eurasian tap chèche pou jwenn pèmisyon pou itilize tè yo pou eksplwate min, peyizan yo te fè sa san yo pa konprann akò yo. GJC ak KJM te reyalize plizyè douzèn entèvyou an 2014 pou aprann plis sou eksperyans moun yo.
Genyen kèk abitan ki te panse akò a t ap pote avantaj pi devan menm jan ak pwojè devlopman yon òganizasyon non-gouvènmantal. Genyen yon fanm ki deklare li pa t genyen okenn lide sou kontni akò pou gen aksè a tè a. Genyen kèk nan yo ki panse yo te dwe siyen akò a pou yo resevwa konpansasyon pou jaden ki te andomaje epi gen lòt ki deklare pa gen pèsonn ki te di yo akò a te avèti yo sou destriksyon potansyèl tè yo. Genyen yon gason ki te fè GJC konnen konpayi a te peye li 1000 goud (anviwon $21.40 ameriken) pou li poze anprent pous li sou akò a (olye de siyati li).
Genyen kèk abitan ki te panse akò a t ap pote avantaj pi devan, menm jan ak pwojè devlopman òganizasyon non-gouvènmantal konn mennen. Yon fanm deklare li pa t genyen okenn lide sou kontni akò pou gen aksè ak tè a. Kèk moun te panse yo te dwe siyen akò a pou yo resevwa dedomajman pou jaden konpayi yo te fè dega ladan yo, epi gen lòt ki deklare pèsonn pa t di yo akò a te avèti yo konpayi yo ta kapab detwi tè a. Genyen yon gason ki te fè GJC konnen konpayi a te peye li 1000 goud (anviwon $21.40 ameriken) pou li poze anprent pous li sou akò a (olye de siyati li).
"Nou te nan fènwa. Yo pran tè nou epi yo fouye li. Yo te voye yon papye bay kèk nan nou epi nou pa t konnen sa li te ye. Nou te panse petèt yo te voye papye a pou moun yo te kapab travay pou konpayi a pi devan.”
– Yon abitan Gode, Lamontay (La Montagne)
Anpil abitan fè konnen si yo te konnen kontni akò yo oswa potansyèl enpak anviwonnmantal aktivite eksploratwa yo t ap genyen sou tè a, yo t ap refize siyen yon akò konsa pou bay aksè a tè a dabò. Nan echanj ekri yo te genyen ak GJC, Newmont-Eurasian te deklare akò pou gen aksè a tè sa yo pa t valid pou lòt aktivite; yo t ap gen pou negosye nouvo akò ak abitan yo si yo ta pral lanse pwochen faz aktivite minyè yo.
Akò aksè tè a. Foto: Ellie Happel, 2014.
Defansè Ayisyen Temwaye sou Mank Aksè ak Enfòmasyon
Mank pwoteksyon jiridik pou dwa pou jwenn enfòmasyon an Ayiti—sitou enfòmasyon ki gen pou wè ak eksplwatasyon minyè—anpeche kominote yo patisipe nan pwosesis konsiltasyon ak pran desizyon. An jeneral, Ayiti pa gen okenn lwa ki aplike dwa pou gen aksè ak enfòmasyon ki pwoteje anba dwa pou libète ekspresyon nan Atik 13 nan Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun. Pa gen okenn pwosedi administratif ki reponn ak sitwayen ayisyen k ap mande aksè ak enfòmasyon.
Menm mank pwoteksyon jiridik aplike pou sektè minyè a tou. Dekrè minyè ki soti nan lane 1976 ansanm avèk Pwojè Lwa ki Pwopoze sou Eksplwatasyon Minyè egzije leta kenbe sekrè tout enfòmasyon konpayi yo bay yo sou ki enpak yon pwojè minyè ka genyen sou anviwònman an epi sou sosyete a. Lè yo kenbe enfòmasyon konsa sekrè, sa anpeche kominote yo patisipe nan vre konsiltasyon sou pwojè minyè epi sa bloke posiblite pou gen yon vre chita pale piblik sou enpak eksplwatasyon minyè genyen akoutèm ak nan lontèm. Gade Defi sou plan jiridik ak règlemantasyon pou yon analiz ki pi pwofon.
Defansè Ayisyen Temwaye sou Mank Aksè ak Enfòmasyon
Nan mwa mas 2015, Global Justice Clinic, Kolektif Jistis Min, ak Megaprojects Observatory te temwaye nan kad yon odyans tematik devan Komisyon Entè-amerikèn sou Dwa Moun (IACHR) sou vyolasyon dwa moun ki fèt lè kominote yo pa genyen aksè ak enfòmasyon epi lè yo mete yo deyò nan pran desizyon sou kesyon devlopman. Gouvènman ayisyen an pa t asiste odyans lan.
Nan rapò li sou seyans lan, Komisyon an (IACHR) te twouve "twoublan" temwayaj sou “obstak ki egziste nan egzèsis dwa pou gen aksè ak enfòmasyon piblik”—espesyalman nan kontèks eksplwatasyon minyè. Ofis Rapòtè Espesyal pou Libète Ekspresyon an te mande Ayiti pou li “adopte yon lwa espesifik ki reglemante kesyon aksè ak enfòmasyon an.” Ayiti pa ko fè sa.
Defansè yo kontinye sonnen lalam sou vyolasyon dwa pou gen aksè ak enfòmasyon an Ayiti. Nan yon odyans devan Komisyon an (IACHR) sou enpak endistri minyè genyen sou dwa moun ak chanjman klimatik nan Karayib la nan mwa oktòb 2021, militan Samuel Nesner te temwaye sou anpil vyolasyon dwa pou peyizan ak kominote an Ayiti gen aksè ak enfòmasyon epi pou yo patisipe nan pran desizyon. Komisè Margaret May Macauley te deklare li enkye anpil paske “an jeneral, pa gen konsiltasyon ak enfòmasyon ki fèt alavans ditou anvan majorite endistri k ap fè ekstraksyon sa yo kòmanse opere.”
Nou pa gen okenn aksè ak enfòmasyon. Se nan radyo mwen tande leta siyen kontra avèk konpayi minyè. Men pa gen okenn mekanis pou enfòme moun nan kominotè a oswa fè yo konnen kòman nou dwe reyaji lè etranje vin fè eksplwatasyon minyè isit.
- Otorite lokal nan Basentàn (Bas de Sainte Anne)
Moun pa dwe apovri onon devlopman; dwa yo dwe pran pye sou pwofi potansyèl. Pwojè tankou sa yo, ki gen ris pou gen gwo enpak sou dwa moun k ap viv nan povrete, pa dwe kontinye san bon jan patisipasyon, konsantman ak angajman kominote ki afekte yo.
– Magdalena Sepulveda, Rapòtèz Espesyal Nasyonzini sou Povrete Estrèm ak Dwa Moun