KJM: Nòt denonsyasyon ak mizangad kont Chanm Komès Ayisyano Kanadyen (2017)
Pòtoprens, Jedi 9 Fevriye 2017
Depi kèk tan Kolektif Jistis Min (KJM) ak plizyè lòt òganizasyon ap resevwa envitasyon soti nan Chanm Komès ak Endistri Ayisyano-Kanadyen swa dizan pou diskite avan pwojè lwa Min Bank Mondyal ap foure nan gòjèt Leta peyi d Ayiti. Ansanm òganizasyon ki siyen nòt sa vle bay pozisyon yo epi eksprime dezakò yo ak inisyativ Chanm Komès ak Endistri Ayisyano-Kanadyen pran pou li mennen swadizan konsiltasyon sou pwojè lwa a san li pa gen ni kalite, ni lejitimite pou l fè konvokasyon sa yo.
Tou dabò, nap pwofite okazyon sa pou nou alète opinyon piblik la an jeneral sou plizyè pwen pami yo kisa chanm komès ak Endistri kanado-ayisyen an ye? Ki moun ki nan tèt li? ak ki wòl gouvènman Kanada ap jwe nan ouvè vant peyi a pou konpayi ki soti lakay li ka vin fè piyaj sou resous natirèl yo, menm jan li fè sa deja nan plizyè peyi nan kontinan Afriken an, oubyen nan Amerik Latin lan. Chanm sa ki se yon enstans prive ki ap jere zafè biznis ant bizisman ayisyen ak bizisman kanadyen; kidonk li pa gen ankenn lejitimite ni otorite ak pouvwa pou konvoke òganizasyon ak lòt aktè nan sosyete a pou fè konsiltasyon sou yon dosye ki konsènen enterè nasyonal, e ki menm menase anviwonnman an, lavi moun ak egzistans nou kòm pèp. Nou raple tout opinyon piblik lokal kou entènasyonal la, chanm kòmès sa ki vle ranplase Leta genyen alatèt li 2 reprezantan konpayi minyè ki genyen anba ponyèt yo plizyè pèmi pwospeksyon ak yonn ou 2 pèmi eksplwatasyon min tout kalite sou tout teritwa peyi a, san bliye yonn nan yo preske gen monopòl pèmi yo. N ap fè sonje tou 75% konpayi min nan mond lan anrejistre nan peyi kanada, e se nan aktivite dechèpiyaj sa ak destriksyon anviwònman an, peyi Kanada rive tabli dominasyon li sou peyi yo ak gouvènman yo. Se menm gouvèman kanadyen sa k ap kache mekanis swadizan koperasyon entènasyonal yo ak Bank Mondyal pou mache chanje lwa pou pèmèt konpayi yo opere nan tout enpinite epi san onkenn obstak nan fè piyaj sou anviwònman, byen komen limanite yo ak lavi pèp sou planèt la pou fasilite yon ti ponyen moun ak kèk antrepriz miltinasyonal fè fòtin yo, kont enterè pèp yo.
Nan ka Ayiti a, se gouvèman kanadyen an kite bay pifò nan plis pase 500 mil dola Bank Mondyal tap chache pou bay antrepriz yo ak gouvènman yo apui teknik pou fè bizniz piyaj resous natirèl yo, sitou min metalik yo, pran vitès li nan peyi a. Nou ka konprann pou kisa yo pi cho pase leve danse devan bann lan konsa pou yo kreye pwòp lwa pa yo ki pou soutni vòl ak destriksyon yo pwograme pou peyi a; sitou lè nou fas ak yon gouvènman ayisyen ki pa gen kolòn vètebral e ki pare pou vann peyi a pa ti moso.
Nou menm òganizasyon ki siyen nòt sa, nap pwofite raple jan avan pwojè lwa sa antre an kontradiksyon ak manman lwa peyi a, ki nan atik 253 ak 253-1 ki entèdi tout aktivite ki menase lavi moun ak kominote yo toutotan sitiyasyon anviwònmantal la rete nan kondisyon li ye kounye a. nap lanse piga sa a bay tout palmantè konsekan nan 50èm lejislati a pou yo pa vote pwojè lwa neyokolonyal sa a, ki se yon pikan kwenna konpayi kap eksplwate min yo vle fòse pèp Ayisyen an bwè. Pèp ayisyen an di otan, peyi Dayiti pap viktim yon lòt fwa nan ratifye tèt bese vye akò san pye san tèt, san respè pou manman lwa peyi dayiti ak dwa pou moun viv nan diyite, N ap reyafime pozisyon nou kont eksplwatasyon min metalik nan peyi a, pandan n ap mand pèp ayisyen an leve kanpe pou egzije leta mete anplas bon jan pwogram ak politik ekonmik ak sosyal ki makònen ak reyalite peyi a epi pou refè anviwònman peyi a pou n ka fè fas kare ak katastwòf natirèl yo, chanjman klimatik la, epi garanti lavi pou jenerasyon kap vini yo.
Devan sitiyasyon malouk peyi a ap viv la, devan eksperyans ak reskonsablite antrepriz miltinasyonal yo (tankou MacDonald, SHADA, Plantasyon Dauphin, Reynolds, elatriye) genyen nan detwi lavi ak anviwònman peyi a, NOU MANDE SE POU LETA PRAN RESKONSABLITE LI POU LI LANSE YON GWO DEBA NASYONAL SOU KESYON EKSPLWATASYON MIN METALIK YO, EPI POU SÈVI AK EKSPERYANS KI PASE YO POU EVITE PEYI A VIN TANKOU YON DEZÈ KOTE MENM BÈT PAKA VIV.
Pozisyon nou se NON AK EKSPLWATASYON MIN, sitou Min METALIK yo. Nou pap patisipe nan lejitime okenn pwojè neyokolonyal, pliske se menm wòl sou tan Lakoloni yo kontinye ap fè peyi a jwe nan bay peyi ak endistri entènasyonal matyè premyè pou yo devlope tèt yo, pandan peyi kite gen bann resous sa yo lage nan malsite, epi ap peye yon gwo dèt ekolojik yo pat fè.
Palman ayisyen an apèn sot vote Akò Paris (COP21) ki bay yon kad pou batay kont tout aktivite ki ap patisipe nan agrave konsekans chanjman klimatik yo sou peyi a. Eksplwatasyon Min, se yonn nan aktivite ki kontribye plis nan ogmante vilnerabilite anviwònmantal ak ekolojik peyi yo.
Kidonk, popilasyon yo dwe itilize zouti legal sa yo pou anpeche ni Gouvènman ayisyen an, ni gwo antrepriz yo vin detwi espas teritwa peyi dayiti a ak menase lavi tout pèp la. Konstitisyon an entèdi tout aktivite ki ka dezekilibre kad pou lavi fleri a ki se anviwonman an, pou kanpe debwazman, evite tout pwodui toksit ki ka anpwazonnen tout sa ki gen lavi ladan l. Nan sans sa, nap di Leta ayisyen pran tout dispozisyon pou kanpe tout aktivite Eksplwatasyon min nan peyi a ki gen gwo enpak sou lavi moun, bèt, tè, dlo, manje, anviwonman epi pran reskonsablite pou kanpe tout pwojè eksplwatasyon resous yo kap detwi lavi moun, bèt ak anviwonman an pandan l ap defini lòt kalte pwojè altènatif ak patisipasyon popilasyon an nan tout nivo desizyon yo.
Nap sonnen lanbi leve kanpe a nan kat kwen peyi a, pou tout òganizasyon konsekan, òganizasyon popilè ki granmoun pou bare wout ak tout pwojè kolonyal yo vle aplike nan peyi a, ki vle kontinye itilize resous peyi dayiti yo tankou byen papa yo.
WI POU LAVI, NON AK PIYAJ RESOUS NATIRÈL PEYI A !!!!!
Ansanm òganizasyon ki siyen nòt sa:
Batay Ouvriye
CE/JILAP
Chandel
CTSP
CFEDEC
Defensseurs Plus
Fondasyon Zanmi Timoun
Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen
GARR
GRAD
ICKL
KJM
Kay-La
MODEP
MOLEGHAF
PAPDA
POHDH
RNDDH
Saj-veye yo
TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN