Rezime Odyans Tematik (mas 2015)

Odyans sa genyen yon karaktè jeneral sou dwa aksè ak enfomasyon an Ayiti

Aksè pou jwenn enfòmasyon an Ayiti:

Obstak pou jwi dwa pou gen aksè ak enfòmasyon nan kontèks devlopman endistri eksplwatasyon minyè ak touristik ansanm ak pratik jounalism

Kolektif Jistis Min, Obsèvatwa Mega-Pwojè, Global Justice Clinic nan New York University School of Law ak yon jounalis ayisyen (“petisyonè yo”) te mande yon odyans ki gen karaktè jeneral pou yo ka atire atansyon Komisyon Entèameriken Dwa Moun (CIDH) sou sitiyasyon dwa pou gen ak aksè enfòmasyon an Ayiti. Komisyon Entèmariken ak tribinal entèameriken sou dwa moun, Rapòtè Espesyal pou libète ekspresyon ak Leta ki manm Òganizasyon Leta Ameriken (OEA) yo te montre enpòtans dwa pou gen aksè ak enfòmasyon pou vitalite demokrasi a. An patikilye, biwo Rapòtè Espesyal pou libète ekspresyon nan CIDH te deklare nan lane 2011 kòman aksè ak enfòmasyon se yon zouti enpòtan pou egzèsis ak jwisans lòt dwa politik ansanm ak dwa sosyal ak ekonomik, sitou pou gwoup moun yo te mete sou kote yo. Nan kad odyans sa epi sitou lè nou konsidere kriz politik aktyèl an Ayiti a, ki kraze Palman an, petisyonè yo vle prezante enpak fayit Leta ayisyen an pou garanti jwisans total dwa pou gen aksè ak enfòmasyon ki pwoteje nan atik 13 Konvansyon Amerikèn Dwa Moun (CADH) ak atik 40 nan Konstitisyon ayisyen an (“Konstitisyon an”).

An patikilye, dwa pou gen aksè ak enfòmasyon gen yon enpòtans kapital depi lè Palman ayisyen an sispann fonksyone nan dat 13 janvye nan menm lane sa a. Nan sans sa, gouvènman ayisyen an dwe double jefò li pou li pi klè epi trè transparan nan travay li, kote Palman an pa kapab mete kontwòl sou egzekitif la. Se poutèt sa, lè nou konsidere enpak kèk desizyon gouvènman ayisyen ap gen sou dwa moun yo nan lavni sitou nan kesyon developman endistri eksplwatasyon minyè ak touristik, respè pou gen dwa ak enfòmasyon gen yon gran enpòtans pou petisyonè yo.

Nan soumisyon konplè sa, men kèk eleman petisyonè yo abòde: 1) enkapasite gouvènman ayisyen an pou adopte yon lwa kad ak mezi pou garanti jwisans tout bon vre pou dwa aksè ak enfòmasyon; 2) yon kloz konfidansyalite pou mete nan pwojè lwa sou eksplwatasyon minyè pou anpeche moun gen aksè ak dokiman ansanm ak lòt enfòmasyon ki konsène enterè piblik pandan yon peryod dis (10) lane; 3) enpak neglijans gouvèman ayisyen an pou li garanti tout bon vre dwa aksè enfòmasyon nan kad pwosesis pou developman pwojè eksplwatasyon minyè, touristik sou kominote ki touche dirèktman ak pwojè sa yo; epi 4) enpak sitiyasyon sa genyen sou pratik metye jounalis ak kapasite medya yo genyen pou enfòme sitwayen ayisyen yo sou kesyon ki konsène enterè piblik.

Premyèman, pa genyen okenn lwa ki mete an aplikasyon dwa pou gen aksè ak enfòmasyon jan sa pwoteje daprè dwa pou gen libète pou eksprime w daprè atik 13 nan Konvansyon ameriken sou dwa moun ak atik 28 ak 40 nan Konstitisyon ayisyen. Anplis de sa, an Ayiti, pa gen anken pwosedi administratif ki satisfè demand lè sitwayen ayisyen yo mande pou gen dwa ak enfòmasyon. Nan kad mekanis pou swiv jan yo ap aplike konvansyon entèmariken kont koripsyon, gouvènman an te rekonèt “Ayiti poko gen yon lwa ki defini klèman sa dwa pou gen aksè enfòmasyon an ye.” Epitou, Palman ayisyen an te jije nesesè pou prevwa nan kad lalwa sou prevansyon ak represyon kont koripsyon, pou yo adopte yon lwa pou defini dwa pou gen aksè enfomasyon. Yon kote restriksyon ki genyen sou dwa aksè ki nan atik 115 pwojè lwa paka jwenn jistifikasyon nan kad yon sosyete demokratik, sa vle di baboukèt kote dwa enfòmasyon an.

Dezyèmman, mete yon kloz konfidansyalite nan pwojè eksplwatasyon minyè a, jan sa ekri nan vèsyon dawou 2014 la, antre an kontradiksyon ak Konvansyon ameriken an sou dwa moun. Pou jan atik 115 lan trè laj, yo riske entèprete l tankou yon egzijans pou tout enfòmasyon ki gen rapò ak eksplwatasyon minyè rete konfidansyèl. Yon kalite entèpretasyon konsa kapab anpeche piblik la mete je l sou etid sou enpak anviwonmantal ak sosyal ansanm ak enfòmasyon konsènan kantite lajan ki ap rantre nan kad eksplwatasyon minyè. Kidonk, nou pa kapab di restriksyon sou dwa pou gen aksè ak enfòmasyon ki prevwa nan atik 115 pwojè lwa ekwplatasyon minyè pouswiv youn nan objektik nan atik 13(2) Konvansyon ameriken an ki gen pou wè ak dwa moun, ki se “respekte dwa ak repitasyon lòt yo” oubyen pou asire “pwoteksyon sekirite nasyonal la, lòd piblik, lasante piblik oubyen moral.” Anplis de sa, yo pa ka jistifye yon kalite restriksyon konsa sou dwa pou gen aksè ak enfòmasyon nan yon sosyete demokratik: sa vle di restriksyon jeneral sou dwa pou gen aksè ak enfòmasyon pa ni pwopòsyonèl ak pwoteksyon enfòmasyon ki gen karaktè komèsyal sèlman, si se sa lalwa ap chèche pwoteje, ni li pa fason ki gen mwens restriksyon posib pou sèvi enterè sa.

Twazyèmman, mankman Leta pou li garanti dwa pou gen aksè ak enfòmasyon gen enpak enpòtan sou popilasyon ayisyen an nan kontèks devlopman endistri eksplwatasyon minyè ak touristik. Konsa tou, mankman pou bay popilasyon ki viktim nan kad pwojè eksplorasyon minyè yo aksè ak enfòmasyon, menm jan pou yo mete bon jan enfòmasyon disponib an kreyòl, lang tout Ayisyen pale, rann kominote sa yo pi vilnerab nan sans kominote sa yo pa ka rive fè opinyon yo pase kòm sa dwa fas devan antrepriz eksplwatasyon minyè yo ak devan gouvènman ayisyen an. Nou gen egzanp kote anpil moun te fin siyen yon dokiman ki te pèmèt yon antrepriz eksplwatasyon minyè itilize tè yo ap temwanye si yo te gen aksè ak bon jan enfòmasyon, sitou sou enpak aktivite eksplorasyon yo t ap gen sou tè yo, yo pa t ap dakò siyen dokiman sa yo. Anplis de sa, nan kontèks devlopman pwojè touristik nan Lilavach, neglijans pou gouvènman an pou garanti aksè ak enfòmasyon pou moun k ap viv nan rejyon an menmjan ak òganizatè kominotè yo enterese nan sijè sa ki te minen kapasite yo pou òganize yo an tèt ansanm epi pou fè otorite yo koute vwa yo.

Katryèmman, mankman Leta pou garanti aksè ak enfòmasyon poze you obstak nan egzèsis metye jounalis la. Difikilte jounalis yo rankontre pou jwenn aksè ak enfòmasyon limite kapasite yo pou enfòme piblik la epi sa gen enpak negatif sou vitalite demokrasi Ayiti a. Anplis de sa, kapasite jounalis yo pou gen aksè ak enfòmasyon gen yon enpòtans kapital nan pèspektiv kote gouvènman an ap anvizaje pou pran desizyon estratejik ki gen rapò ak devlopman sektè eksplwatasyon minyè pandan Palman an p ap byen fonksyone depi dat 13 janvye 2015.

Pou nou fini, petisyonè yo espesifikman rekòmande pou adopte yon lwa ki kapab garanti aksè ak enfòmasyon, ki an rapò ak pwosedi palmantè abityèl la; pou gouvènman an pa ajoute kloz konfidansyalite nan nouvo pwojè lwa eksplwatasyon minyè a ki se yon vyolasyon CADH la; pou li rann piblik tout enfòmasyon li genyen nan sa ki gen pou wè ak pwojè touristik lilavach la ak devlopman endistri eksplwatasyon minyè a sof si ta gen motif refi pou divilge enfòmasyon sa yo ta satisfè kritè Tribinal Entèameriken tabli (pou tout eksepsyon an rapò ak siposizyon an favè divilgasyon lalwa prevwa, jan Konvansyan ameriken otorize sa epi jan sa nesesè nan yon sosyete demokratik). Rekòmandasyon pati petisyonè yo baze sou desizyon Tribinal Entè ameriken nan dosye Claude Reyes v. Chili ak rekòmandasyon komite ekspè sou Mekanis Swivi sou Enplemantasyon Konvansyon Entèameriken kont Koripsyon.

Previous
Previous

Odyans Tematik CIDH sou Aksè ak Enfòmasyon (mas 2015) (an anglè)

Next
Next

Mémoire: La situation de l’accès à l’information en Haïti (March 2015)